FRèM ak SèM AYISYEN, JENèS PEYI'AM, OU MEM KI PRAL Fè BACALOREA, NOU MEM MANMAN ak PAPA'YO, AYISYEN ALA RONBADè
Mwen wete chapo'm byen ba paske, yon lòt fwa ankò, mwen deranje'w pou nou fè yon ti chita koze. Nou pa kab chanje sityasyon peyi nou si nou pa chache konpran'n sak pase nan listwa, listwa yè, listwa avan yè, listwa depilè nou te ti katkat, listwa zik dantan, depi poul pat ko pouse dan. Se kon sa, lan mwa Desanm 2019, mwen te ekri'w yon dezièm lèt sou listwa Endepandans peyi dAyiti an 1804. E lè sa'a, mwen te pwomèt kontinye, pou nou wè ki sa nou kab apran'n debon nan kokenn chen'n Revolysyon 'sa a ki te choke le mond. Ki vle di, nan twazièm lèt sila,mwen ta renmen gade avèk'ou ki leson, ki edikazyon nou menm Ayisyen ta dwe plis kenbe pou yon pi bon tèt kole ant frè ak sè'n Ayisyen, tankou ak moun tout lòt peyi. Avan ke nou antre lan nan'nan kesyon yo, fòk mwen di ke mwen pa yon save nan listwa. Mwen jis ap eseye di, ankouraje Istoryen ak jèn Etidian Ayisyen, ki vle, ki kapab, pou chita fouye, rapòte sa'yo jwen'n denouvo an Listwa. Yo dwe ekri e korije sa yo panse sou sak pase avan nou, nan rapò peyi d'Ayiti ak lòt pèp. Paske jodi'a mezanmi, Istoryen, non sèlman dwe rakonte sak pase jan li vrèman pase, li dwe tou di sa'l panse pou ranje sosyete ke lap viv la, pou chanje sak pa bon. Gwo istoryen, nan ampil lòt peyi, rele Endepandans Ayiti an 1804 yon "Epope" paske li se tan kou yon lejand, yon bagay moun pa janm wè e ke yo pa ta kwè ka rive ki rive.
Pèmèt mwen " pale de bourik pandan kem'tap pale de kok", tankou blan, nèg o tout moun ki pale fransè ta di " faire du coq à l'âne".
LESON 1: LIBETE, LISTWA, JOUNALIS'M POU VERITE.
Travay yon Istoryen pa fasil di tou. Paske pou Listwa kab syans, li dwe rakonte bagay ki pase vre. Istoryen dwe reveye chat kab dòmi. Ampil moun pa renmen sa, sitou lè listwa pa ale nan interè pa yo o fanmi yo. Sa pa fè sezi gen byen gen mal e malerezman yo di youn pa mache san lòt. Gen goch gen dwat, mem gen'yen goch goch, goch dwat o dwat dwat. Antou ka, yon Istoryen jodi'a se yon profesyonal tan kou tout politisyen o tan kou yon gwo chèf nan pouvwa. Yo chak gen dwa, yo chak gen devwa. Mond lan jodi'a vin pi gran, pi laj pou ampil moun, men la tè tounen tankou yon ti vilaj. Domen'n Listwa koulie'a vin genyen tou, se Jounalis'm kap rapòte sak pase chak jou, chak minit kèl ke swa kote ou ye sou tè'a. Pawòl tap trò long sou koze sa'a. An nou fini pou di ke Listwa rete Listwa verite. Jounalism, ki fè listwa tou, pèmèt ke gen jounalis ki di verite, gen zòt ki rapòte "altènativ fac" ki se realite pa yo, ke'l vre ke'l pa vre, ke'l bon ke'l pa bon. Sa nou dwe espere, sè ke gras a demokrasi, civilizasyon chanje pou debon: Istoryen, Jounalis ak Politysyen ki sou Pouvwa, nan Opozisyon o nan òganizasyon Sosyete sivil, kontinye dwe respekte la pè, la vi, la verite ak la jistis nan travay pou ede mond lan avanse.
(Wa sib pou leson 2) Pierre Michel Gérard Charles Kandida Pou Prezidan Repiblik Ayiti Nan lane 2022. E-mail: pmgcharles@yahoo.com Website: pierrecharles.org , hagrocentral1.org