An nou fè yon ti listwa sou periòd 2010 a 2020, nan afè jesyon politik ak eleksyon nan peyi d'Ayiti: Deja lan zanviron lane 2006 yo, Lavi te tèlman chè, pèp la pat kapab kembe e li tap manifeste san rete. Lè sa'a, Prezidan Lespwa te di pèp la " Naje pou'w soti".. Janvye 2010 te vin mete abse sou klou tranbleman de tè kraze Pòt-o-Prens plat plis pase 300 mil moun mouri. Depi lè sa'apèp Ayisyen, lan peyi'a tankou lòt bò dlo, te choke. E mwen kwè, manman chòk sila, Ayisyen alawonnbadè pap gen dwa janm bliye'l. Mache prese te oblije mete pye pou repare dega yo ki ta koute plizyè milya dola ameriken se te yon kesyon lavi lan mò. Pwoblèm yo pat ko mèm kòmanse jwen solisyon, jou 28 Novanm 2010, pandan ke yap eseye netwaye ak rekonstri pou bay plis pase 1 milyon moun kote pou yo dòmi, pandan ke yon epidemi kolera tap minen popilasyon an, yo òganize yon eleksyon pou Prezidan ak Palmantè.. Twa ka (3/4) moun ki ta sipoze dwe vote pa vote: 1.07 milyon moun vote sou 4 milyon swa 25%. Myrlande Manigat premye avèk 31.4 pwen, Jude Celestin dezièm avèk 22.5 pwen Michel Martelli twazièm avèk 21.8. Pwotestation gaye nan Kapital'la eleksyon gate. Yo òganize yon dezièm tou an Mas 2011, 120 jou apre. Celestin pa patisipe Matelli genyen avèk 67.6 pwen ki vle di 15.4% popilasyon ki ta dwe vote, Manigat dezièm avèk 31.8 swa 7.24%. Remake ke: ankò 3/4 popilasyon ki gen dwa vote pat vote se OEA entènasyonal ki deside sou rezilta 2e tou'a. Matelli, yon kandida ki te trè ba nan sonsaj yo, eli Prezidan avèk sèlman 3 chèz lan Sena, 3 chèz lan Chanm Depite. Yon Jounalis nan Jounal " The Guardian" di ke Eleksyon sila se te yon " Eleksyon Madigra". Yon lòt Jounalis nan NPR Latino Ameriken di " Kanpay Elektoral sila pa te gen mwèl, paske pa te gen youn nan Kandida yo ki te kab di kouman yo pral rekonstri peyi'a, kouman yo pral batay pou bese povrete pèp la ..." Misye Martelli pat kapab fè tout manda Prezidan'l lan.. Sélon Haïti Reference # 6520.026 ki piblie jou ki te 18/7/2015, moun nan tèt Palman'an siyen jou 9 Mé 2011 an ba chal yon "swa dizan Konstitisyon 1987 amande" ke Prezidan'an ta sipose siyen 14 Mai 2011 jou ke li prete sèman, pou yo te ka fè lwa pou mete'l lan Monitè jou 29 Mé.. Toujou sélon Haïti Reference, Lwa pou aplike Konstitisyon amande sa'a" pral piblie lan Monitè jis 12 Juen 2012 jounal'la kontinye pou di lwa kreasyon'an fèt jou ki 24 mwa d'Out 2012 yo te fè yon dènie " "miz a jou" jou 31 Me 2015, ke Michel Martelli siyen jis avan ke li oblije demisyone. Pral gen yon " tranzisyon 2015-2016 avèk Prezidan Sena'a, Jocelème Privert ke menm yo menm chwazi pou Prezidan peyi'a: sa ke Konstitisyon 1987'la pa prevwa men ke "swa dizan Konstitisyon amande 1987" vin' ajoute san peyi'a, san pèp la pa mèm konnen.Mezanmi, si nou li Atik 134.1 e 134.2 amande yo, na kapab wè kontradiksyon pote boure ki fèt nan tèx Konstitisyon original 1987 la. Se pou sa ke nou di kesyon manda Prezidan Jovenel'la ki fini se yon fo pwoblèm.
Yo pral oganize eleksyon an 2016 avèk 2 tou: Misye Matelli aranje'l pou poulen pal Jovenel Moïse eli. Misye Moyiz prete sèman Prezidan jou ki 7 Fevriye 2017 pou yon manda senk (5) an. Rès listwa, ke nou konnen, menmen nou lan sitiyasyon jodi'a.
Kèlké mwa de sa, jou 26 Novanm 2020, apre rankont Prezidan Ayisyen'an avèk Sekretè Deta Ameriken'an, Jounal "Mayami Eral" rapote ke Oganizasyon yo rele"CORE" mande Gouvènman Ayisyen pou'l prepare eleksyon 2021 prese prese pou pwochen Prezidan kab prete sèman an Fevriye 2022. Oganizasyon sa'a -ki genyen ladanl Reprezantan Eta Zini, lalmay, Frans, Kanada, Brezil, Inion Eropeyèn, OEA ak Nasyon Zini- gen ampil pwa sou zafè politik peyi d'Ayiti li koodone pa Reprezantan Eta Zini. Fok nou remake ke pandan periyod sa, pat gen amoni lan mitan Nasyon Zini avèk Gouvènman Ameriken.
Se kon sa, nou te kab wè Gouvènman Ayisyen kap mete an mach yon seri aktivite ke sèl Prezidan Jovenel ap otorize avèk dèkrè lwa, san Palman, san Pouvwa Jidisyè. An menm tan, Opozisyon koumanse gonfle avèk menm moun ki te mete Jovenel sou Pouvwa'a ap pouse do'l pou li ale o demisyone an Fevriye 2021. Ou te ka wè yo menm mete ban'n nan lari pou sipote Prezidan pèdan nan elksyon Eta Zini apre 20 Novanm 2020. Yo jis vle gaye jwèt la paske kat deja lan men yo. Se fasil yo jis tounen sou Pouvwa'a. Se kon sa, ensekirite pa sispan kidnapin monte desan lib e libè peyi'a toujou an boulvès pèp la ap soufri Jenès ap manifeste paske yo lan nesesite pa gen travay peyizan ak moun Pwovens pa mele. Sa ki pi grav, KOVID-19 ap grempe an pa chat: lan 1 an, 12 mil ka anrejitre 240 moun mouri sa yo pa konnen pa konte.
Prezidan Jovnèl di "" peze souse 'a fini ti rès pou pèp la". Men sa nou wè: "Rat kay toujou vle ke se sèl yo ki pou manje pay kay'la". Apre, ya rele Lame ak la Polis pou bale rouze nan savan'la pou fè yo sèvi bourik fab la Fontèn. Apre sa, wa tande "bourik chaje pa kampe". Majorite pèp la 'a va toujou pè ya rete sou kote ap gade tankou an 2011 ak an 2017, li pap ka vote. Magouyè a dwat, magouyè a goch ya fè yon fason pou peyizan ak travayè vote san yo pa mèm konnen kote biwo elektoral ye bwat elektoral va plen avan lè. Zòt va pran la ri pou yon ti kob pou rele " grenadie a laso sa ki mouri na vanje yo" komsi nou te an 1804. Konsa, avan midi, ya deklare ke yo genyen avèk pi piti 70% si se pa 99%.
Frèm ak Sè'm! Jenès 4 kwen Pòt-o-Prens ak Vil Pwovens! Travayè la vil kon lan mòn! La Près moun afè bon tankou la Près moun afè pa bon! Fòs la pè yo! Kore Ayiti! Kampe pou kore Ayiti! Kou Deta fèn tròp mal.Jodia, se vre peyi'a pèdi kompa'l tankou yon bato san bousol. Se vre Leta pa kab mache byen, pa gen bon sèvis. Lajan monte bwa pa gen travay ensekirite vale tròp teren. Tèt pouvwa yo pa antann yo Prezidan'an pap kapab jwen solisyon. Jou aprè jou, sityasyon ap pi grav. Fò gen yon chita tande ak dialòg pou Ayiti pa fè nofraj.
Opozisyon, Chèf Leta, Lòt Pouvwa, Reprezantan Sosyete Sivil, avèk patisipasyon CORE ak Komnoite Entènasyonal ta dwe rankontre pou trouve yon solisyon nan aplike Konstitisyon 1987 la nan Atik 134.3, 136 ak lò t atik pou mete an plas yon " Gouvènman Provizwa pou Tranzisyon" avèk pou misyon pou tabli yon demokratizasyon serye, ki kab kembe lontan sou baze yon Pwogram mwayen tèm pou satisfè Otonomi Depatman yo, pou kaba la mizè, blayi jisti, sante ak travay.